Nouyòk, 19 Me 2022 - tinouvel.com
Videyo Ofisyèl nouvo tub "M rayi mizè "Chango Bastia ,yon klip pou nou gade....
Ekwi pa Wonal Leyon, @ti_nouvel
Ete ap pwoche e nan okazyon ,219yèm anivèsè kreyasyon drapo ayisyen Chango Bastia mete deyò ofisyèlman 18 me sa a, Videyo-Klip" M rayi mizè ", ki soti nan album ak 13 moso,Fè l an kreyòl .
Klip la plonje nou nan lari Nouyòk,Pari ak nan kè yon mache nan Pòtoprens ou byen nan espas kote mizè ap defigire lavi moun nan mitan yon dechaj fatra.
Videyo melanje imaj pwovrete ak richès, bidonvil ak gwo bilding pou ede moun reflechi e konprann ki kote mizè sa a soti ,se pa" yon loray ki kale li ni li pat sot nan syèl "men se pito yon kreyazyon lezòm kont moun.
Avèk chante "M rayi mizè ", Chango melanje rege ak yon ti moso mizik tradisyonèl ayisyen ki diferansye ak pur rege jamayiken an kote li plis sanble rege dous afriken ou byen Brothers Posse .
Clip la trè sinematik , li gen yen yon dinamik tankou yon dokimantè kap mennen nou reflechi men sitou fè nou danse ak chante sou mizè nou.
Bèl clip li a, ki filme ann Ayiti ak Lafrans, plonje nou nan yon linivè boujwa ak pwoletè men , li mennen nou tou nan yon vwayaj videyo-mizikal ki ta dwe difize pandan tout vakans ete a pou nou kapb apresye li pi byen.Chak fwa ou gade ou regade videyo toujou gen yon nouvo eleman, yon nouvo plan wap dekouvri.
Chango Batia ekri, konpoze ak chante pwòp mizik li ,li chante an fransè ,angle ,panyòl ak kreyòl ,li fè yon melodi ki vivan e ki melanje lajwa ak melankoli, li kreye yon inivè pou reflechi ak danse.San Pretansyon, nouvo videyo Ofisyèl "M rayi mizè" Chango Bastia ta dwe videyo moun plis gade pandan tout ede 2022
Si nou bezwen konnen kòz,rezon ak mèt lamizè danlemond gade Videyo Ofisyèl M rayi mizè Chango Bastia a na p gen yon ide.
Bòn vizyonaj mizik-videyo !
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
@ti_nouvel
Pataje, Like, Abòne ak suiv nou sou Paj Facebook Tinouvel ak sou Twitter
Commentaires
Enregistrer un commentaire